Nan seri sa yo:
Fason pou ranpli enpo w: etap pa etap
Tcheke si w bezwen ranpli
Rasanble dokiman w yo
Jwenn kredi ak dediksyon
Depoze deklarasyon w lan
Jwenn ranbousman w
Peye enpo w yo a lè
Pare pou w ranpli enpo ane pwochen
Etap pou ranpli
Itilize etap ak resous sa yo pou fè depoze Fòm 1040 ou a pi fasil.
Menm si ou pa oblije ranpli yon deklarasyon taks, ou ka vle ranpli. Ou ka jwenn yon ranbousman:
- Si w kalifye pou yon kredi enpo ranbousab
- Si patwon ou te prelve plis enpo pase sa w dwe
Si ou dwe enpo, li enpòtan pou ranpli epi peye alè pou evite penalite ak enterè.
Jwenn dènye chanjman enpo yo (an anglè)
Pare pou ranpli kounye a
Depoze ak yon patnè IRS Ranpli Gratis
Pwogram IRS Ranpli Dirèk (an anglè) la fèmen depi 21 avril 2024.
Si w bezwen plis tan pou w ranpli
Si w bezwen lis tan, ou dwe mande yon pwolongasyon anvan dat limit mwa avril pou ranpli a.
Tanpri sonje, yon pwolongasyon tan pou ranpli pa yon ekstansyon pou peye enpo w dwe yo. Peye nenpòt enpo w nan dat limit la pou w evite penalite ak enterè.
Jwenn èd nan men volontè IRS-sètifye
Jwenn èd gratis pou prepare enpo si nenpòt nan sa yo aplike avè w:
- Touche $64 000 oswa mwens
- Gen yon andikap
- Bezwen sipò lang
- Gen 60 an oswa plis