Nan seri sa yo:
Fason pou ranpli enpo w: etap pa etap
Tcheke si w bezwen ranpli
Rasanble dokiman w yo
Jwenn kredi ak dediksyon
Depoze deklarasyon w lan
Jwenn ranbousman w
Peye enpo w yo a lè
Pare pou w ranpli enpo ane pwochen
Depoze nan dat limit avril la
Depoze deklarasyon enpo w nan dat limit la. Pou pifò moun ki ranpli, dat limit pou deklarasyon enpo 2023 a se Lendi 15 avril 2024 (17 avril 2024, si w abite nan Maine oswa Massachusetts).
Jwenn èd si w bezwen plis tan pou w ranpli oswa peye.
Chwazi yon fason pou ranpli
Depoze elektwonikman (e-filing) ba w ranbousman pi vit.
Gade Sis Rezon Ki fè W Dwe Ranpli Enpo W Yo Elektwonikman (an anglè).
Ranpi dirèkteman, gratis avèk pa mwayen pwogram Depoze Dirèk la
Si w ap viv nan yon eta pwogram pilòt la epi w ranpli lòt kondisyon, ou ka elijib pou ranpli deklarasyon elektwonikman (e-file), dirèkteman, gratis, avèk IRS pa mwayen pwogram pilòt Depoze Dirèk nou an.
Tcheke si w elijib pou w Depoze Dirèk (an anglè)
Pwogram pilòt IRS Ranpli Dirèk la fèmen depi 21 avril 2024
Si w te deklare enpo w nan pwogram Ranpli Dirèk la (an anglè), konekte an sekirite sou kont Ranpli Dirèk ou a pou w gade epi telechaje deklarasyon w lan.
Ranpli avèk yon patnè IRS Ranpli Gratis
Si revni brit ajiste w la se $79 000 oswa mwens, ou ka ranpli elektwonikman ak Depoze Gratis IRS. Si revni w pi wo, ou ka itilize Fòmilè Moun ka Ranpli Gratis yo.
Jwenn opsyon Depoze Gratis IRS yo
Èd enpo gratis nan men volontè IRS-sètifye
Jwenn èd gratis pou prepare enpo si nenpòt nan kondisyon sa yo aplike avè w:
- Touche $64 000 oswa mwens
- Gen yon andikap
- Bezwen sipò lang
- Gen 60 an oswa plis
Vizite yon Sant Asistans Kontribyab IRS
Lojisyèl preparasyon enpo
Sèvi ak yon lojisyèl preparasyon enpo sou entènèt ou chwazi pou ranpli enpo w elektwonikman oswa sou papye.
Pwofesyonèl enpo
Chwazi yon pwofesyonèl enpo IRS-apwouve (an anglè).
Fòm sou papye
Ou ka ranpli fòm ki sou papye yo epi poste yo voye bay IRS.
- Si w gen salè, ranpli Fòm 1040, Deklarasyon Endividyèl Enpo sou Revni Etazini.
- Se w se yon granmoun aje, ou ka ranpli 1040-SR (an anglè).
- Si w gen yon biznis oswa lòt revni, ranpli Fòm 1040 avèk yon Barèm C.
Jwenn fòm ki bon pou ou a (an anglè)
Si w bezwen plis tan pou w ranpli oswa pou w peye
Si w se yon manm militè ki estasyone aletranje oswa si w nan yon zòn konba (an anglè) panda sezo ranpli enpo a, ou ka gen plis tan.
Si w bezwen plis tan, ou dwe mande yon pwolongasyon anvan dat limit pou ranpli nan mwa avril la. Ranpli pita ka ajoute penalite.
Si w ranpli yon pwolongasyon, ou dwe toujou peye enpo w dwe yo nan dat limit la. Peye pita ajoute enterè ak penalite.
Si w pa kapab peye, jwenn èd pou dèt enpo.
Chanjman enpo pou ane sa a
Jwenn dènye chanjman enpo yo (an anglè)
Ekri nimewo sa yo
Lè w ranpli deklarasyon w lan, ekri nimewo sa yo pou w ka tcheke ranbousman w lan, fè yon dosye elektwonik pou ane pwochèn oswa jwenn enfòmasyon enpo pandan ane a:
- Montan egzak ranbousman w lan
- Revni brit ajiste w la
Ou ka jwenn nimewo sa yo tou apre nou fin trete deklarasyon w lan nan kont sou entènèt ou a.
Ranpli pou ane anvan yo
Si w pa t ranpli deklarasyon enpo pou yon ane pase, ou ka ranpli yon deklarasyon enpo pou nenpòt ane anvan (an anglè).
Jwenn kredi ak dediksyon w yo Jwenn ranbousman w lan
Evite fwòd
Jwenn èd pou evite vòl idantite ak fwòd.
Gid pou kontribyab pou vòl idantite
Anak fiskal/Alèt pou Konsomatè yo
Sekirite Sosyal: Prevansyon ak Rapòte Fwòd (an anglè)
Pwoteje Tèt Ou kont Magouy Sekirite Sosyal (an anglè)