Nan dènye ane yo, plizyè ankèt te montre ki jan Ayisyen yo viktim nan men malveyan nan pwòp kominote yo. Kalite magouy an rezo sa yo, yo rele yo “fraud d’affinité”, sa vle di lè malfra yo vize moun ki nan pwòp kominote pa yo. Fosè yo konte sou lidè kominote yo ak lidè relijye yo ki gen respè nan kominote a pou yo fè pwomosyon pou magouy yo, epi gen kèk nan lidè sa yo ki se manm rezo sa yo moun yo fè konfyans.

Nan yon ka ki fèk pase, Ayisyen Marc Henry Menard ak patnè li, Laesha Jean-Louis, te akize akòz yo te twonpe plis pase 50 moun, majorite nan yo nan kominote Ayisyen Ameriken an, epi pran nan men yo plis pase $1.65 milyon. Nan yon lòt ka, fondatè NovaTechFX yo, Cynthia ak Eddy Petion, yo akize yo akòz yo te alatèt yon magouy ki pran lajan nan men moun pou envestisman ki monte yon total $1 milya dola ki vize sitou Ayisyen nan New York atravè gwoup lapriyè ak gwoup ki pale Kreyòl sou rezo sosyal yo.

Nan lane 2022, yon ankèt otorite te mennen te lakòz arèstasyon Eddy Alexandre, CEO konpayi EminiFX, yo te jwenn li koupab  pou magwouy li te fè nan tranzaksyon sou entènèt ak lajan ki pa reyèl yo rele‘cryptocurrency’ pou yon montan ant $250 milyon ak $260 milyon dola, sa ki te atire dè milye envestisè nan kominote Ayisyen toupatou nan dyaspora mondyal la. Djak Adventist Setyèm Jou an te konte patikilyèman sou kominote relijye ki pale franse a.

Ka magouy an chèn sa yo — ansanm ak lòt fwòd an piramid ak maketing an chèn sou plizyè nivo (MLM) ki vize kominote imigran yo — eksplwate konfyans ki genyen nan kominote a epi montre nesesite ijan pou denonse epi fè prevansyon kont fwòd sa yo ki sible moun nan menm kominote a. Fwòd sa yo tou montre enpòtans vijilans ak edikasyon pou pwoteje tèt ou kont magouy finansye.

Men kijan ou ka pwoteje tèt ou:

Rete sispèk nenpòt òf finansye nan rezo ou fè konfyans 

Fraud d’affinité vle di malfra yo ap eksplwate konfyans moun nan yon kominote, yon gwoup etnik, yon òganizasyon relijye oswa lòt rezo sosyal etabli pou vòlè lajan nan men gwoup la.

Menm si se yon manm kominote a ou fè konfyans — tankou yon pastè, doktè, enfimyè oswa yon ofisyèl piblik ki mete yon opòtinite envestisman devan w — toujou verifye lejitimite li.

Fè atansyon ak andòsman ou wè moun ki respekte nan kominote a bay, paske menm yo menm ka pa konnen ke òf la se yon magwouy. Toujou panse òf la pa lejitim jiskaske ou jwenn prèv ki montre li legal.

Fè Rechèch sou rasin finansye moun k ap fè rekritman oswa pwomosyon an

 Verifye enfòmasyon, kalifikasyon ak dosye moun k ap ofri opòtinite envestisman an.

Asire w moun sa yo legalman anrejistre ak ajans regilasyon finansye apwopriye lè w tcheke baz done ajans sa yo. Pa pran pawòl yo pou laverite, menm si yo montre w yon sètifika.

Konsilte ak yon konseye finansye endepandan, sètifye ki pa konekte ak pwomotè oswa envestisman an nan kominote a.

Chèche konsèy nan men yon avoka ki espesyalize nan fwod finansye pou verifye tèm ak lejitimite envestisman an.

Verifye opòtinite envestisman an 

Mande enfòmasyon detaye ak dokimantasyon sou envestisman an.

Tcheke si envestisman an te odite pa yon twazyèm pati ki respekte.

Cheke baz done ofisyèl gouvènman an pou wè si konpayi oswa pwomotè yo anrejistre kòmsadwa.

Evite envestisman ki gen taktik presyon ki parèt twò bon pou yo vre 

Fè atansyon avèk apèl prese prese pou envesti touswit. Malfra yo souvan itilize taktik presyon pou anpeche w fè dilijans ou.

Si lajan w ap jwenn an retou yo sanble anpil konpare ak reyalite a epi pa gen twòp risk, sa posib pou se yon magouy.

Pa asime ke yon sitwèb oswa yon app fè biznis la lejitim 

Malfra yo kapab kreye sitwèb, app ak baz done pou fè magouy yo sanble lejitim. Pa kite yo twonpe w.

Pa asime ke zanmi ak fanmi konprann 

Pwodwi finansye ak envestisman ka konplike. Pa sipoze ke w pa entelijan paske ou pa konprann konplètman kijan yo fonksyone.

Anpil moun nan rezo a ka sipoze ke lòt moun yo konprann pwodwi a. Pifò pa konprann.

Pa ba yo lajan ou 

Si yon moun mande w retire lajan nan kont bank ou oswa transfere fon ou genyen ba yo, pa fè sa.

Pa retire lajan nan kont retrèt ou oswa refinanse kay ou pou jwenn gwo sòm ki nesesè pou envestisman an.

Rapòte aktivite sispèk Kèk moun sipoze ke yon lòt moun nan gwoup la ap rapòte opòtinite sispèk oswa pwomotè yo si yo fè fwod. Pare pou ou se premye moun ki fè sa.

Rapòte aktivite sispèk bay òganizasyon tankou Komisyon Federal Komès (FTC), Biwo Pwoteksyon Finansye Konsomatè (CFPB), oswa ekivalan yo.

Tcheke regilyèman kont bank ou ak envestisman ou pou nenpòt tranzaksyon san otorizasyon.

Enfòme lidè kominote yo si ou sispèk yon moun nan gwoup la ap fè fwod.

Rapòte menas fizik oswa entimidasyon 

Si yon moun eseye fè w pè paske w ap poze kesyon oswa ensiste pou repran lajan w, fè yon rapò ak lapolis nan zòn ou.

Patisipe nan pwogram aprantisaj ak edikasyon nan domèn finans

Partisipe nan pwogram aprantisaj nan domèn finans ak atelye prevansyon fwod sant kominotè, òganizasyon ki pa gen objektif fè pwofi, oswa gouvènman lokal òganize.

Antre nan gwoup kominote oswa òganizasyon imigran ki ka ofri konsèy ak pataje eksperyans sou kijan pou evite magouy.

Diskite posiblite pou envesti ak fanmi oswa zanmi ou fè konfyans anvan ou angaje w.

Join the Conversation

1 Comment

  1. Mwen ap bat yon bèl bravo pou moun ki ékri atik sa. Byen fèt nèt.

Leave a comment

Leave a Reply